Sa fe lontan mwen pa itilize talk-ht.

Mwen pa vle rete bouch -B.

Mwen vle bay yon felisitasyon espasyal ak COSHA-STM e  COSMHANNE. Franchman
mwen vye anpil de travay nou. Mwen te kontan pou mwen te we nou nan atelye
sa ki te baze sou lavni gwo fanmi OSM AYITI a. Felisitasyon e kouraj.

Mwen vle tou felisite tout manm COSMHA nan potoprens ki te prezan pou
atelye sa tou. E sila yo ki tap la mwen vle fe nou konnen dapre sa ke mwen
we si mwen te byen we dapre sa mwen  konpran si mwen te byen  konpran
vre... Fwa sa genle COSMHA pral vanse pou tout bon . Li enpotan pou nou
tout tounen pou vini reflechi ansanm pou yon kominote ki ap fe katografi ki
ka vreman itil ak kominote yo e ak tet nou tou.

Yon gwo kout chapo tou pou delphine ak OSM nan entenasyonal la kite
fasilite pou atelye sa te rive fet.

mwen te vreman enpresyone te vizyon ke mwen te we ekip kite la genyen pou
lavni COSM-HA. anpil lide te dyayi  sou koman nou dwe fe yon Mapping ki
abapte ak reyalite pa nou nan peyi Dayiti.

Jan mwen mwen te di nan Atelye yo. Mwen vle fwa sa pou ekip OSM AYITI fem
wont, paske twop tan depi nou ap make  pa sou plas.

Nou jen nou genyen eneji  genyen anpil bagay nou kapab bon ni pou nou ni
pou peyi nou ak eneji sa yo. Men se selsi nou mete tet nou ansanm nan
lespri KONBIT la.  Etid mwen banm kominote OSM AYITI a genyen plis pase 250
jen fi ak jen gason. Nou ka fe anpil Bagay si nou mete tet nou ansanm.

Mwen ap toujou bo kote nou men sel si nou deside avanse... paske mwen pa
vle kanpe. Paske mwen wont de eta peyi mwen. Piti kou li ye mwen vle pote
yon ti kontribisyon avan mwen ale. Men si nou fe li ansanm li ap plis
efikas.

Mwen dispoze e disponib pou tout konsey nou vle sou mobilizasyon sosyal,
sou devlopman kominote paske se la chan konpetans mwen chita. Mwen konnen
anpil nan nou genyen anpil lot konesans, anpil lot konpetans, mwen vle
aprann de nou tou. Ann fe gwoup la tounen yon inivesite KONBIT, yon
inivesite kolaborasyon, yon inivesite pataj kote youn ap apran de lot. Wi
ak konsyans nou kapab!

Tout kalite pwoblem vin fe peyi nou glise tankou kalalou. e nou konnen yon
sel dwet pa manje kalalou. se sel ansanm nou ka jwen yon vre solisyon pou
chanje tet nou ak  kominite nou yo.

Kouraj !

"KONBIT pou yon lot OSM AYITI"


Louino,Robillard, MA
Community Change & Peacebuilding

*An'n fe konbit*

Rele'm :509 3844 81 72
Ekri'm :robillard.lou...@gmail.com
Skype : Rlouino

Le 9 décembre 2014 16:49, Dagno louis <djdagn...@gmail.com> a écrit :

> salut tout moun,mwen bien kontan pou bel inisyativ sa,paske lew imajine si
> pa gen yon moun ki komanse yon bagay ,tout moun ap rete entak!!!
> mwen felisite Delphine pou devouman li fas a kominote OSM ki HAITI yo.
> Mwen felisite COSMHA,COSMHA-STM,epi COSMHANNE mwen panse ki dwe  apresye
> inisyativ la , si nou tout kole zepol,nou met tet ansanm OSM HAITI ap gen
> yon lot orientation,yon lot valeur.
> Felicitation a tout mapper ki aplodi bel initiativ sa.............
>
>
> Le 4 décembre 2014 19:24, Jhon Carlo Sainvil <pouchonp...@yahoo.fr> a
> écrit
> :
>
> >
> > Je tiens à féliciter tous ceux et toutes celles qui ont pensés à
> > l'organisation de cet atelier. c'est un pas vers l'avant au développement
> > du pays. Prenons en coeur cette initiative!
> >
> > Déjà, je vous souhaite bonne participation.
> >
> > UN MONDE-UNE CARTOGRAPHIE
> >
> > _______________________________________________
> > Talk-ht mailing list
> > Talk-ht@openstreetmap.org
> > https://lists.openstreetmap.org/listinfo/talk-ht
> > Notez! Vous pouvez utiliser Google Translate (
> http://translate.google.com)
> > pour traduire les messages.
> >
> _______________________________________________
> Talk-ht mailing list
> Talk-ht@openstreetmap.org
> https://lists.openstreetmap.org/listinfo/talk-ht
> Notez! Vous pouvez utiliser Google Translate (http://translate.google.com)
> pour traduire les messages.
>
_______________________________________________
Talk-ht mailing list
Talk-ht@openstreetmap.org
https://lists.openstreetmap.org/listinfo/talk-ht
Notez! Vous pouvez utiliser Google Translate (http://translate.google.com) pour 
traduire les messages.

Reply via email to