Siklònn #IRMA: Gwo Menas sou #Haiti Jedi-Vandredi


Dapre enfomasyon ki disponib jodia Dimanch 3 Septanm, sa montre ke siklònn
IRMA ap pase sou peyi Dayiti Jedi-Vandredi kap vini la. IRMA se yon siklònn
kapral nan kategori 4. Yo menm prevwa ke li kamonte nan kategori 5.
Kategori 4 vle di ke li tanjou siklònn Matye ki te kraze pou 3 milya dola
ameriken ane pase e touye plis pase mil ayisien . Kategori 5 se kareman
lanfè tèlman li pralfè dega.



Gade piba wap wè foto ki montre kijan siklònn IRMA pral pase sou peyi
dayiti. Genyen pou le moman 6 depatman ki menase: Lwès, Plato Santral,
Artibonite, Nòdès, Nò ak Nòdwès. Moun ki viv nan depatman sa yo dwe komanse
pran dispozisyon pou sove sakap sove e pwoteje tèt yo. Men kèk ti konsèy ki
soti nan tèt mwen ke mwen ka barou kom sitwayen jodia:



1. Ranmasse tout papye empotan ke ou genyen, kat didantite, ak de nesans ou
batistè, ak de maryaj, papye tè, paspò, kat elektoral elatrye. Mete tout
nan yon chache plastik e al mete yo yon kote ou konnen ke menmsi dlo desann
ou monte wo li pap ka rive jwen yo.



2. Si ou gen jaden ak bèt: Si ou genyen cheval, bourik, milèt, kochon,
kabrit, bèf, poul elatrye, mete yo kote ke dlo pa kapab pote yo ale. Si ou
genyen jaden e sa'w te plante a pare pito ou kouri rekòlte l e mete rekòlt
la kote dlo pa kapab pran l. Si ou rekolte deja garanti ke nan depo ke'w
mete rekolt sa dlo pa kapab pote li ale.



3. Si ou genyen galon, garanti ke pa pita ke Mèkredi swa ou Jedi Maten yo
tout plen dlo pou kapab genyen dlo pou bwè lè dlo yo finn desann. Si wal
bwè dlo sal apre siklònn ou ka pran maladi



4. Achte alavans ti grenn ke ou mete nan dlo pou touye bakteri kolera a.



5. Si ou rete bò ravinn, bò riviyè kote dlo kapab pote'w ale pran
dispozisyon ak tout fanmi'w pou kapab deplase.



Pa bliye ampil lapli ap tonbe apre siklonn nan pase. Chak jou na esaye pote
lòt ti konsèy konsa. Enfomasyon sou wout siklonn nan kapab chanje. Si safèt
nanp kontinye poste enfomasyon sou sa pou ou kapab okouran de chanjman sa
yo. Nou sèten ke Minis konsène yo ak direksyond epatmantal yo ap pran tout
dispozisyon anvan, apre e pandan siklònn nan pou pwoteje sitwayen yo nan
depatman konsène yo. Sa vle di pozisyone materyèl lou ak mwayen lojistik
pou reponn a ijans ke siklonn sa pral kreye!


Sa nou te aprann apre matthew se ke li enpòtan pou fè konbit ak asosyasyon
lokal yo, popilasyon an. ONG yo pa enplike popilasyon an. Sou Jéremie nou
te gen chans pou yo gen doktè Kiben yo ki te kite bonè nan zòn mòn yo.
Kouraj zanmi m yo panse de frè ayisyen yo



https://earth.nullschool.net/#current/wind/surface/level/ort
hographic=-72.12,20.47,558/
<https://earth.nullschool.net/#current/wind/surface/level/orthographic=-72.12,20.47,558/loc=-70.667,19.455>
loc=-70.667,19.455
<https://earth.nullschool.net/#current/wind/surface/level/orthographic=-72.12,20.47,558/loc=-70.667,19.455>

http://www.nhc.noaa.gov/graphics_at1.shtml?cone#contents

http://www.nhc.noaa.gov/graphics_at2.shtml?cone#contents


FredM
_______________________________________________
Talk-ht mailing list
Talk-ht@openstreetmap.org
https://lists.openstreetmap.org/listinfo/talk-ht
Notez! Vous pouvez utiliser Google Translate (http://translate.google.com) pour 
traduire les messages.

Reply via email to