Merci Fred!
               Mezanmi youn voye je sou lot...youn lonje men bay lot... ANN
FÈ KONBIT!

On Sep 6, 2017 3:34 AM, "Fred Moine" <frmo...@gmail.com> wrote:

> Siklònn #IRMA: Gwo Menas sou #Haiti Jedi-Vandredi
>
>
>
> Dapre enfomasyon ki disponib jodia Dimanch 3 Septanm, sa montre ke siklònn
> IRMA ap pase sou peyi Dayiti Jedi-Vandredi kap vini la. IRMA se yon siklònn
> kapral nan kategori 4. Yo menm prevwa ke li kamonte nan kategori 5.
> Kategori 4 vle di ke li tanjou siklònn Matye ki te kraze pou 3 milya dola
> ameriken ane pase e touye plis pase mil ayisien . Kategori 5 se kareman
> lanfè tèlman li pralfè dega.
>
>
>
> Gade piba wap wè foto ki montre kijan siklònn IRMA pral pase sou peyi
> dayiti. Genyen pou le moman 6 depatman ki menase: Lwès, Plato Santral,
> Artibonite, Nòdès, Nò ak Nòdwès. Moun ki viv nan depatman sa yo dwe komanse
> pran dispozisyon pou sove sakap sove e pwoteje tèt yo. Men kèk ti konsèy ki
> soti nan tèt mwen ke mwen ka barou kom sitwayen jodia:
>
>
>
> 1. Ranmasse tout papye empotan ke ou genyen, kat didantite, ak de nesans ou
> batistè, ak de maryaj, papye tè, paspò, kat elektoral elatrye. Mete tout
> nan yon chache plastik e al mete yo yon kote ou konnen ke menmsi dlo desann
> ou monte wo li pap ka rive jwen yo.
>
>
>
> 2. Si ou gen jaden ak bèt: Si ou genyen cheval, bourik, milèt, kochon,
> kabrit, bèf, poul elatrye, mete yo kote ke dlo pa kapab pote yo ale. Si ou
> genyen jaden e sa'w te plante a pare pito ou kouri rekòlte l e mete rekòlt
> la kote dlo pa kapab pran l. Si ou rekolte deja garanti ke nan depo ke'w
> mete rekolt sa dlo pa kapab pote li ale.
>
>
>
> 3. Si ou genyen galon, garanti ke pa pita ke Mèkredi swa ou Jedi Maten yo
> tout plen dlo pou kapab genyen dlo pou bwè lè dlo yo finn desann. Si wal
> bwè dlo sal apre siklònn ou ka pran maladi
>
>
>
> 4. Achte alavans ti grenn ke ou mete nan dlo pou touye bakteri kolera a.
>
>
>
> 5. Si ou rete bò ravinn, bò riviyè kote dlo kapab pote'w ale pran
> dispozisyon ak tout fanmi'w pou kapab deplase.
>
>
>
> Pa bliye ampil lapli ap tonbe apre siklonn nan pase. Chak jou na esaye pote
> lòt ti konsèy konsa. Enfomasyon sou wout siklonn nan kapab chanje. Si safèt
> nanp kontinye poste enfomasyon sou sa pou ou kapab okouran de chanjman sa
> yo. Nou sèten ke Minis konsène yo ak direksyond epatmantal yo ap pran tout
> dispozisyon anvan, apre e pandan siklònn nan pou pwoteje sitwayen yo nan
> depatman konsène yo. Sa vle di pozisyone materyèl lou ak mwayen lojistik
> pou reponn a ijans ke siklonn sa pral kreye!
>
>
> Sa nou te aprann apre matthew se ke li enpòtan pou fè konbit ak asosyasyon
> lokal yo, popilasyon an. ONG yo pa enplike popilasyon an. Sou Jéremie nou
> te gen chans pou yo gen doktè Kiben yo ki te kite bonè nan zòn mòn yo.
> Kouraj zanmi m yo panse de frè ayisyen yo
>
>
>
> https://earth.nullschool.net/#current/wind/surface/level/ort
> hographic=-72.12,20.47,558/
> <https://earth.nullschool.net/#current/wind/surface/level/
> orthographic=-72.12,20.47,558/loc=-70.667,19.455>
> loc=-70.667,19.455
> <https://earth.nullschool.net/#current/wind/surface/level/
> orthographic=-72.12,20.47,558/loc=-70.667,19.455>
>
> http://www.nhc.noaa.gov/graphics_at1.shtml?cone#contents
>
> http://www.nhc.noaa.gov/graphics_at2.shtml?cone#contents
>
>
> FredM
> _______________________________________________
> Talk-ht mailing list
> Talk-ht@openstreetmap.org
> https://lists.openstreetmap.org/listinfo/talk-ht
> Notez! Vous pouvez utiliser Google Translate (http://translate.google.com)
> pour traduire les messages.
_______________________________________________
Talk-ht mailing list
Talk-ht@openstreetmap.org
https://lists.openstreetmap.org/listinfo/talk-ht
Notez! Vous pouvez utiliser Google Translate (http://translate.google.com) pour 
traduire les messages.

Reply via email to